Accessibility links

Breaking News

Kabinè Kenya a Apwouve Plan pou Voye Polisye Dirije Misyon Sekirite pou Ayiti a


Foto Achiv: Sekrete Kabine Kenya pou Defans la Aden Duale pran la pawol pandan yon konferans pou lapres konjwen apre siyati yon ako kowoperasyon nan Nairobi, 25 Septanm 2023.
Foto Achiv: Sekrete Kabine Kenya pou Defans la Aden Duale pran la pawol pandan yon konferans pou lapres konjwen apre siyati yon ako kowoperasyon nan Nairobi, 25 Septanm 2023.

Kabinè peyi Kenya a apwouve deplwaman 1,000 polisye peyi a ki pral dirije yon fòs miltinasyonal an Ayiti pou tabli sekirite epi konbat zak vyolans gang yo.

Kounyea fòk palman Kenya a apwouve rezolisyon an.

Ant premye Janvye ak 15 out, plis pase 2,400 Ayisyen mouri e gen plis pase 950 ke gang kidnape. Gen yon lòt 902 moun ki blese nan zak vyolans, dapre done Nasyonzuni pibliye.

Kou Sipreye Kenya a te entèdi deplwaman an Lendi, apre Konsèy Sekirite LONU an te apwouve l pi bonè mwa sa a. Entèdiksyon an an aplikasyon pou 2 semèn jiskaske tribinal la ka tande dosye yon politisyen lokal ki vle pou yo entèdi deplwaman an, 24 Oktòb.

Jedi 12 Oktòb la, Minis Enteryè a, Kithure Kindiki te di yo ta dwe chache apwobasyon palman an anvan yo voye polisye Kenyan an Ayiti.

XS
SM
MD
LG