Accessibility links

Breaking News

Yon Lidè nan Opozisyon an Nan Kenya Di Misyon Pou Polisye Kenya Ale An Ayiti a se yon "Misyon Swisid"


Dr. Ekuru Aukot Opposition Leader in Kenya
Dr. Ekuru Aukot Opposition Leader in Kenya

Avoka Ekuru Auko ki se advèsè prezidan Ruto deklare ke "deplwaman sa a se yon misyon swisid pou 1,000 polisye nou yo", se sa li ekri sou X.

On lòt kote Japhet Koome ki se enspektè jeneral ki responsab polisye yo vle asire li ke mesye l yo "byen antrene" e ke kontenjan yo ap voye ann Ayiti a ap soti nan inite espesyalize.

Men, daprè Emiliano Kipkorir Tonui ki se yon ansyen militè nan Kenya e tou manm òganizasyon Kenya Veterans for Peace, Veteran Kenya pou Lapè, ki baze nan kapital la Nairobi, lapolis nan Kenya resevwa fòmasyon nan manyen zam leje epi yo pa gen anpil eksperyans nan konba.

"Gang yo ann Ayiti gen kalib 12.7 mm, ki koresponn ak zam mitrayèt lou".

"Polisye nou yo pa resevwa fòmasyon pou jan de operasyon sa yo, tankou militè nou yo.

Yo pa resevwa fòmasyon nan kominikasyon.

Yo pa resevwa fòmasyon nan zam tankou mitrayèt,".

XS
SM
MD
LG