Accessibility links

Breaking News

Jwè Franse FC Barcelòn lan Dembele Blese Ankò


Ousmane Dembele
Ousmane Dembele

Elye Frans lan Ousmane Dembele te blese ankò nan premye match li pou ekip Barcelòn lan, apre li fè senk mwa pa jwe akoz yon blesi .

Dembele te blese yon kwis li pandan match foutbòl yo te jwe avek ekip Dynamo Kyèv la nan chanpyona Lig Chanpyon an, kote yo te soti ak yon viktwa 1 a 0.

Dembele ki gen 24 lane sou tèt li, se on jwè ki ap sibi anpil blesi depi lè li rantre nan klib la an 2017. Misye gen yon kontra ki vo 105 milyon ero ($ 121 milyon dola).

Barcelòn, aktyèlman se yon ekip ki pa gen antrenè apre yo te revoke Ronald Koeman. Dembele pap jwe match Samdi a nan Celta Vigo, men klib la pa bay plis enfòmasyon sou kilè l ap retounen jwe.

XS
SM
MD
LG