Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moïse Estime Zòn Franch Kwadèboukè a Pral Kreye 10 Mil Djòb


Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise. Foto achiv: 18 novanm 2017.
Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise. Foto achiv: 18 novanm 2017.

Prezidan Jovenel Moïse vizite 2 pwojè konstriksyon nan Pòtoprens semen pase a, youn nan Kwadèboukè ak lòt la nan Pak Endistriyèl Pòtoprens la. Vandredi 16 mas 2018 pase a, Mesye Moïse te akonpanye ak Premye minis Jack Guy Lafontant, Minis Travo Piblik ak Afè Sosyal la, respektivman Ing. Fritz Caillot ak Madam Stéphanie Auguste, Manm Palman an pou Kwadèboukè, Mesye Wilner Jean, ak depite zòn nan Caleb Desrameaux ak Patrick Norzéus ansanm ak Anbasadè ameriken an ann Ayiti Michele J. Sison, fè yon vizit nan sit konstriksyon zòn Franch Santo Dujour a ki sitiye nan Santo 19, abitasyon Dujour, 2èm seksyon kominal Varreux, Kwadèboukè, pou n site jounal Le Nouvelliste.

Daprè menm sous la, Prezidan Moïse, nan jedi 15 mas, te akonpaye ak direktè SONAPI a, Jose Bernard Schettini kote li vizite chantye travay konstriksyon pwolonjman pak Endistriyèl Pòtoprens la ki se yon inisyativ sektè prive ayisyen an.

Lokatè Palè Nasyonal la fè konnen nouvèl konstriksyon sa a pral pèmèt SONAPI genyen plis lokal pou li akeyi envestisè etranje an mèm tan tou kreye anvwon 10 mil djòb nan fen ane 2019 la.

XS
SM
MD
LG