Accessibility links

Breaking News

Johnny Depp ak Amber Heard ka Gen Anpil Difikilte pou Rebati Imaj yo


Akte Johnny Depp a goch epi Amber Heard a dwat, pandan yon pwose nan tribinal nan vil Fairfax, eta Vijini, Vandredi 27 Me, 2022.
Akte Johnny Depp a goch epi Amber Heard a dwat, pandan yon pwose nan tribinal nan vil Fairfax, eta Vijini, Vandredi 27 Me, 2022.

Apre yon pwosè difamasyon ki te chaje ak pawol piman bouk e ki te dire 6 semèn ke dè milyon moun te swiv nan televizyon ak rezo sosyal yo, aktè Johnny Depp ak Amber Heard pral gen difikilte pou rebati imaj yo ak karyè yo.

Depp deja pran devan: Mèkredi yon juri te apiye l ak istwa li te rakonte nan tribinal la - ki se ke ex-madanm ni te koupab de difamasyon apre li te akize'l dèske li abize'l.

Eric Dezenhall, yon espesyalis nan kriz kap travay nan Washington e ki pa gen okenn koneksyon ak pwosè a di li posib pou Depp gen yon karyè solid nan lavni "si li vanse dousman."

Konparativman, Dezenhall di Heard "pral oblije monte yon ma swife" paske gen moun ki kwè li abize mouvman onorab #MeToo a.

XS
SM
MD
LG