Premye Minis Japonè a Naoto Kan anonse jodi a li bay demisyon n kòm prezidan Pati Demokratik japonè a -- desizyon sa a mete fen tou nan travay li kòm lidè peyi a.
Msye Kan te anba anpil presyon pou l demisyone akoz majorite pèp japonè a pakontan ditou-ditou ak fason gouvènman n nan te reyaji aprè tranblemanntè ak sounami ki te frape peyi a nan dat 11 Mas 2011 la.
Msye Kan, ki te rive pase kap yon vòt non-konfyans nan palman nan mwa jen pase a, te pwomèt pou l demisyone si palman an vote 3 pwojè lwa enpòtan : youn sou yon 2èm bidjè, yon lòt sou finans peyi a, plis yon 3èm gouvènman an te pwopoze pou ankouraje itilizasyon enèji renouvlab o Japon.
Palman an vote 2 dènye pwojè lwa yo. Aprè vòt la, Premye Minis Kan anonse li bay demisyon n.