Accessibility links

Breaking News

Japon Ka Mande Etazini Enstale Misil Nikleyè Taktik Sou Teritwa li


Minis defans kore di Sid la, Kim Tae-young fè konnen peyi li byen kapab anvizaje pou l mande Lèzetazini enstale misil nikleyè taktik sou tèritwa sid koreyen an pou la premyè fwa nan 19 lane.

Misye Kim soulve posiblite sa a lendi 22 novanm 2010 la, pandan li tap fè chita-tande ak yon komisyon para-militè ki t ap pale de dènye devlopman ki genyen nan kesyon pwogram nikleyè Kore di Nò a. Minis la kontinye pou l di kesyon sa–a byen kapab parèt sou le tapi lè yon misyon militè amerikano-sid-koreyen va reyini mwa pwochen an pou yo pale de pwogram nikleyè nò koreyen an.

XS
SM
MD
LG