Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Atake Yon Konvwa Bato Ki Ta Pral' Gaza: 10 militan Pwo-Palestinyen Mouri Nan Operasyon an


Nan yon konferans pou laprès nimewo 2 ministè afè etranjè izrayelyen an, Danny Ayalon, di "kòmando izrayelyen yo jwenn zam abò bato yo ke militan yo te prepare davans pou itilize kont fòs izrayelyen yo. Metòd yo a te vyolan e rezilta yo, malerezman, vyolan. Izrayèl regrèt lanmò tout moun ki pèdi lavi yo... e l' te fè tout sa l' kapab pou evite konklizyon sa a".

Yon akwochay sou lanmè ant kòmando izrayelyen ak militan kap apiye kòz Palestinyen yo pran lavi 10 kretyen-vivan nan dlo entènasyonal yo, toupre tèritwa Gaza ki sou kontwòl Hamas–yon gwoup radikal palestinyen. Fòs izrayelyen yo bloke konvwa bato entènasyonal la ki tap eseye pèse blokis Izrayèl tabli alantou Gaza a, arete plizyè santèn militan e sezi dè milye tòn pwovizyon imanitè yo t'ap pote pou Gaza. Turki kondane ak tout fòs reyaksyon vyolan lame izrayèl la.

Lame ak fòs polis yo ann' Izrayèl toujou sou kondisyon "D" nan moman palestinyen yo menase pou yo òganize manifestasyon pwotestasyon.

Vyolans la eklate douvan-jou lendi 31 me a, lè sòlda izrayelyen yo pran kontwòl 6 batiman ki te konpoze flòt la. Militan yo ak sous gouvènman izrayelyen an di entèsepsyon bato yo fèt nan dlo entènasyonal yo–60 kilomèt ak kòt peyi Izrayèl.

Video ensidan an montre militan kap apiye kòz Palestinyen yo kap kouri tribòbabò sou pi gwo batiman ki te fè pati konvwa a, yon bato ki bat paviyon peyi Turki, pandan kòmando izrayelyen yo t'ap monte abò l'. Otorite militè izrayelyen yo di sèten pami militan ki te sou batiman an atake militè izrayelyen yo ak kouto e ak baton. Yo di miltan te fè dap-piyan sou revòlvè yon sòlda izrayelyen e tonbe tire sou militè yo. Yon pòtpawòl lame izrayelyen an fè konnen twoup yo jwenn revòlvè ak katouchyè yo vid sou kadav militan ki mouri nan afwontman an.

Nan yon konferans pou laprès nimewo 2 ministè afè etranjè izrayelyen an, Danny Ayalon, bay li di "kòmando izrayelyen yo jwenn zam abò bato yo ke militan yo te pare davans pou itilize kont fòs izrayelyen yo. Metòd yo a te vyolan e rezilta yo, malerezman, vyolan. Izrayèl regrèt lanmò tout moun ki pèdi lavi yo... e l' te fè tout sa l' kapab pou evite konklizyon sa a".

Atak la rive apre bato lans misil izrayelyen te lanse avètisman bay flòt la, ann angle, pou di militan yo pa vanse ni pwoche nan direksyon Gaza ki anba yon blokis Izrayèl ak Egypte tabli sou tèritwa palestinyen an.
Radyo nan peyi Izrayèl mete sou lèzond mesaj avètisman an ki di "n'ap pwochen yon zòn konfli ki anba yon blokis naval. Gaza ak tout zòn ki bay sou kòt li ak wàf li fèmen pou tout trafik bato. Gouvènman izrayelyen an apiye livrezon materyèl imanitè pou popilasyon sivil la nan Gaza e li envite nou al jete lank nan pò Ashdod. Livrezon pwovizyon yo, ap fè ann akò ak règleman otorite yo, atravè chimen terès nòmal yo e nou kapab obsève yo... apre sa, nou ka retounen nan baz nou abò bato ki te mennen'n vini yo".

Òganizatè konvwa batiman an di entansyon yo, anvan tout bagay, se te "kraze blokis la, ki anplas depi militan Hamas yo te pran kontwòl tèritwa a, sa gen twa zan. Yo voye jete deklarasyon otorite izrayelyen yo ki di entansyon yo se te itilize mwayen vyolan.
Nan deklarasyon li fè lendi, vis minis afè etranjè Eta juif la defann desizyon peyi li pou bloke konvwa a. Misye Ayalon di "blokis maritim nan toutafè legal e rezondèt li se laterè Hamas ap pratike nan Gaza a. Kite konvwa bato sa a kontinye wout li yon fason ilegal pou l' ale Gaza ta pral' anfèt louvri yon koridò pou zam ak teworis antre anba chal nan Gaza.
Fòs izrayelyen yo eskòte batiman yo nan pò Ashdod nan peyi Izrayèl kote yo pran non, foto ak anprent militan yo anvan yo depòte yo tounen kote yo te sòti a. Otorite izreyelyen yo fè konnen y'ap fè preparasyon pou transfere nan Gaza asistans imanitè ki abö bato yo apre yo va finn enspekte li.

Bato yo t'ap transpòte plizyè santèn militan, medikaman, materyèl medikal ak materyo konstriksyon.

Entèvansyon gwo ponyèt Izrayèl la pwovoke manifestasyon nan Gaza. Nan Sis-Jòdani, prezidan otorite palestinyen an, Mahmoud Abbas, dekrete twa jou dèy.
Ann Izrayèl, lapolis rafòse sekirite atravè tout peyi a, men espesyalman alantou kominote arab kap viv nan nò Izrayèl ak nan Jerizalèm yo.

Se pa premye konvwa bato ki eseye "pèse blokis la, men premye tantativ militan yo pou yo jete lank nan pò Gaza a te fini san okenn ensidan.

XS
SM
MD
LG