Accessibility links

Breaking News

Operasyon Militè Izrayelyen nan Gaza


Lafimen ak dife k ap monte nan syèl la apre yon misil Izrayelyen tonbe nan vil Rafah, Gaza, (8 jiyè 2014.)
Lafimen ak dife k ap monte nan syèl la apre yon misil Izrayelyen tonbe nan vil Rafah, Gaza, (8 jiyè 2014.)

Izrayèl koumanse ap gonfle tank toupre fwontyè Gaza e yon pòtpawòl militè di lame a ap angaje militè rezèvis pou yon posib operasyon terès. Lame a di li te lanse atak aeryen ak naval douvan jou madi 8 jiyè a sou 90 sib nan Gaza--pami yo kay ak sit palestinyen yo ap itilize pou tire « wokèt » sou rejyon nò eta jwif la. Palestinyen yo rapòte omwen 11 moun blese.

Jerizalèm fè konnen 8 wokèt tonbe sou rejyon sid peyi a bonè madi maten, e militan yo te tire plis pase 80 fize sou eta jwif la lendi.

Kolonèl izrayelyen Peter Lerner di pandan dènye 2 zèdtan ki pase yo, Izrayèl te wè yon lapli wokèt Hamas te tire e lanse depi tèritwa Gaza a. Li fè konnen militè yo ap pran prekosyon ki nesesè pou pwoteje tèt yo kont atak sa yo e prepare yo pou yon posib eskalad nan sitiasyon an. Lerner kontinye pou di Izrayèl ap itilize tout systèm defans li--tankou boukliye « Dos de fer la » ak fòs aeryèn-nan--pou pwoteje e asire sekirite sivil izraelyen yo. Jodi madi an nou genyen anviwon yon milyon izraelyen kap fè fas ak danje wokèt e «sirèn dalam yo ap sonnen nan moman nap pale la-a ». Deklarasyon kolonèl lame izrayelyen an Peter Lerner.

Nan Washington DC, Prezidan ameriken an, Barack Obama, egzòte izraelyen ak palestinyen yo aji « yon fason rezonab e avèk retenu » nan sa li rele yon moman danjere ant 2 kan yo.

Nan yon atik ki parèt lendi nan jounal izraelyen HAARETZ, misye Obama di « 2 pati yo dwe pwoteje moun inosan e evite plonje nan vanjans ak zak reprezay ». Lidè ameriken an di li toujou kwè li posib pou Izrayèl ak Palestinyen yo fè lapè ke l konsidere kòm sèl mwayen pou Izrayèl viv an sekirite.

Pòtpawòl Depatman Deta Jen Psaki te fè konnen lendi Sekretè Deta John Kerry te pale ak lidè 2 pati yo nan jou ki pase yo e l reyafime nesesite pou yo redui tansyon ak vyolans lan. Miss Psaki kondane atak palestinyen yo lanse sou eta jwif la e l di vyolans ak tansyon ka p ogmante nan rejyon an pa genyen plas li e se pa yon bon bagay pou yon sosyete pasifik.

Anlèvman ak asasinay 3 jèn izrayelyen ak yon jèn palestinyen semèn pase a gen yon gwo wòl nan eskalad tansyon lemond ap asiste depi 5 dènye jou yo ant Izrayèl ak Palestinyen yo. Premye minis izraelyen an, Benjamin Netanyahu, ak lidè palestinyen an, Mahmoud Abbas, kondane zak sa yo e yo pran angajman pou yo pini responsab yo.

Anketè izrayelyen yo te anonse lendi 3 pami 6 eleman jwif yo sispèk nan asasinay jèn palestinyen 16 zan , Muhammed Abu Khdeir, te konfese se yo ki fè krim nan e yo te montre otorite yo kouman yo te komèt zak la. Anpil obsèvatè panse asasinay sa a se yon zak vanjans pou lanmò 3 jèn adolesan izrayelyen. Izrayèl akize Hamas nan lanmò jèn izrayelyen yo--akizasyon Hamas voye jete.

XS
SM
MD
LG