Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè Fè Gwo Dega nan Sant Peyi Itali.


Sekouris kap fouye anba debri yon gwo kay nan vil Amatrice, nan sant Itali, mèkredi 24 out 2016 la.
Sekouris kap fouye anba debri yon gwo kay nan vil Amatrice, nan sant Itali, mèkredi 24 out 2016 la.

Yon gwo tranblemanntè frape sant peyi Itali byen bonè mekredi 24 out 2016 la. Kokenn soukous sa a koze gwo dega nan rejyon ki tou prè episant li a e li touye plis pase 120 moun, daprè chif ki pa ofisyèl laprès italyèn rive jwenn. Pami viktim yo genyen timoun.

Dezas natirèl la frape vè 3 zè edmi di maten mèkredi 23 out 2016 la pandan popilasyon rejyon an tap dòmi. Daprè Sant Nasyonal Meteyolojik ameriken an, gwo soukous sa a tè a mezire 6, 2 sou echel Riktè a tandiske episant li twouve l sou yon distans 10 kilomèt ak pati sidès vil Norcia.

Sekouris ap transpòte yon kadav yo wete anba debri yo.
Sekouris ap transpòte yon kadav yo wete anba debri yo.

Moun te ka santi tranblemanntè a nan yon gwo pati rejyon Umbria e jous nan kapital peyi a, Wòm, ki sou yon distans 150 kilomèt ak kote dezas natirèl la frape a. Pami zòn sinistre yo genyen vil Amatrice ak Accumoli. Majistra Amatrice la, Sergio Pirozzi, ki pale ak Radio RAI, deklare:

“3 ka vil mwen an pa egziste ankò. Objektif nou kounyela a se sove tout kantite lavi nou kapab. Nou tande vwa moun ki anba debri yo; nou fèt pou n sove moun sa yo.”

Ajans nouvèl ANSA fè konnen 35 nan mò yo dekouvri deja yo se moun vil Amatrice.

XS
SM
MD
LG