Accessibility links

Breaking News

Lapolis ann Itali Touye Prensipal Sispèk nan Atak Mache Nwèl Bèlen an

Yon kòdon sekirite sou sènn kote sispèk tinizyen an Anis Amri, te tonbe nan echaj kout zam ak lapolis nan MIlan, an Itali, vandredi 23 desanm 2016.
Yon kòdon sekirite sou sènn kote sispèk tinizyen an Anis Amri, te tonbe nan echaj kout zam ak lapolis nan MIlan, an Itali, vandredi 23 desanm 2016.

Otorite Almand yo fè konnen yap ankete pou konnen si sispèk nan atak Bèlen an ki mouri nan echanj kout zam ak lapolis nan Milan, Itali te gen èd lòt konplis.

Chanselyè Almand lan, Angela Merkel, Minis Jistis, Heiko Maas (agoch) ak Minis Enteryè a, Thomas de Maiziere (adwat) nan yon rankont ak laprès apre vizit yo nan Bundeskriminalamt biwo Polis Federal kap konbat krim nan Bèlen, Almay, 22 desanm, 2016.

Prensipal pwokirè federal peyi Almay la fè konnen jounen vandredi 23 desanm nan 2016 la anketè yo ap chache detèmine si eleman ke yo sispèk ki te lanse atak mòtèl sou yon mache Nwèl nan Bèlen ann Almay lendi 19 desanm pase a a te gen èd yon rezo sipòtè.

Sispèk la, ki gen 24 lane, Anis Amri, tonbe anba bal lapolis jodi a nan yon estasyon tren nan vil Milan ann Itali pandan yon patwouy woutin.

Gwoup Eta Islamik la revandike responsablite pou atak la ki te fèt, dapre li, sou enspirasyon li gras ak apèl ke l lanse pou mande moun frape manm yon koalisyon k ap konbat gwoup militan an nan Siri ak Irak.

XS
SM
MD
LG