Accessibility links

Breaking News

Tansyon ant Manifestan Palestineyn ak Sòlda Izrayelyen Kontinye Ogmante nan Gaza


Yon paletinyen kap tire wòch sou sòlda izrayelyen nan Gaza Foto: 15 me 2018.REUTERS/Alkis Konstantinidis.
Yon paletinyen kap tire wòch sou sòlda izrayelyen nan Gaza Foto: 15 me 2018.REUTERS/Alkis Konstantinidis.

Plizyè milye palestinyen mete sou pye yon meeting de mass nan Gaza madi 15 me 2018 la nan fineray premye douzèn manifestan ki mouri nan afwontman sou fwontyè a ak sòlda izrayelyen, yon lese-frape Nasyon-Zini kondane.

Anpil nan moun ki te asiste fineray militan palestinyen yo te vini ak drapo, kote yo tap egzije revanj kont iztayelyen poutèt fòs sekirite eta jwif la touye 60 ladan yo epi blese 2 mil 700 lòt lendi pase.

Anplis desa, manifestan yo tap mache ak pan-kat. Ak san nou e avèk bon-anj nou, nou ap jwenn redanpsyon kòm Martir. Gen nouvo manifestasyon ki eklate nan Gaza ak nan Si-Jòdani, kote pwotestatè palestinyen tap kalonnen solda izrayelyen ak kout wòxch epi mete dife nan moman fòs eta jwif yo tap lanse gaz lakrimojèn sou yo.

XS
SM
MD
LG