Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Izrayèl la Kwè Pifò Peyi Ewop yo 'si Sepa tout' Pral Transfere Anbasad yo Jerizalèm


 Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu
Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu

Premye minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, fè konnen lendi 11 desanm 2017 la pifò peyi sou kontinan ewopeyen an, si se pa tout, pral transfere anbasad yo nan vil Jerizalèm epi rekonèt vil la kòm Kapital Eta jwif la, apre demach Prezidan ameriken Donald Trump antreprann nan sans sa a.

Pandan yon konferans deprès konjwen nan vil Brisèl ak Chèf Politik Etranjè Inyon Ewòp la, Federica Morgherini, Mesye Netanyahu di, "Lefèt ke Etazini rekonèt Jerizalèm kòm kapital Izrayèl, sa mete fè yo sou tab la, e ke lapè, se yon bagay ki baze sou reyalite.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, te anonse nan jounen mèkredi 6 desanm 2017 la, a pati de dat sa a Lèzetazini rekonèt vil Jerizalèm kòm kapital peyi Izrayèl. Kidonk, Washington pral wete anbasad li a nan vil Tel Aviv pou mete l nan Jerizalem –yon desizyon ki pwovoke reyaksyon negatif anpil kote nan lemond.

Manifestasyon nan Morocco kont desizyon Prezidan Donald Trump pran pou rekonèt Jerizalèm kòm kapital Izrayèl.
Manifestasyon nan Morocco kont desizyon Prezidan Donald Trump pran pou rekonèt Jerizalèm kòm kapital Izrayèl.

Byen anvan Prezidan Trump te fè anons sa a ofisyèlman, peyi arab ak mizilman yo te lanse avètisman pou di desizyon sa a kapab vin anvlimen tansyon ki genyen nan Mwayen Oryan an epi mete an danje enterè ameriken nan rejyon an, san bliye konsekans negatif sa kapab genyen sou efò k ap fèt pou wè si lapè ta kapab tabli ant Izrayèl ak Arab yo, efò Washington apiye. Daprè nouvèl ki sòti nan Mwayen Oryan an, palestinyen yo te lanse modòd pou yo mande 3 jou pwotestasyon san rete pou yo denonse desizyon Prezidan Trump la.

XS
SM
MD
LG