Accessibility links

Breaking News

Irak Anonse Li reprann Kontwòl Baraj Mosoul la Ki te nan Men Kurd yo Depi an 2014


 Lame Irak ki repran kontwòl rejyon ki te anba men kurd yo nan Bashiqa. Irak. 18 oktòb 2017.
Lame Irak ki repran kontwòl rejyon ki te anba men kurd yo nan Bashiqa. Irak. 18 oktòb 2017.

Nan peyi Irak, lame fè konnen sòlda li yo repran kontwòl plis rejyon ki te anba men kurd yo, pami yo genyen Baraj Mosoul la, apre yon operasyon lame te lanse pou l repran vil Kirkouk ak plizyè chan petwòl nan pati nò peyi a.

Militè irakyen yo pibliye yon kominike pou di yo retabli sekirite a nan tout zòn sa yo. Konbatan kurd yo te sezi kèk nan rejyon sa yo pandan kanpay gwoup eta islamik la te dekrete nan pati nò ak pati lwès Irak an 2014.

Pandanstan, gouvènman santral la nan Bagdad anonse li te fè kurd yo egzijans pou yo abandone kontwòl zòn ki nan pati lwès peyi a, kote lame pase alaksyon apre otorite rejyonal yo nan Kurdistan te òganize yon referandòm pou yo pran endepandans yo anba men Irak mwa pase a.

XS
SM
MD
LG