Semèn pase a, fòs irakyen yo reprann kontwòl zòn nan kote Moske istorik Al-Nuri an sitiye, nan ansyen vil l Mosoul la. Se nan vil sa a tou, gwoup Eta Islamik la te deklare etablisman li nan yon kalifa. Rezidan yo sove kite zòn nan, pou ale nan kan refijye yo, nan moman fòs lame Irak la kontinye angaje militan teworis yo nan yon batay san pran souf.
Rezidan Irakyen nan Ansyen Site Mosoul la Kap Kouri Kite Zòn nan Poutèt Lagè a

1
Popilasyon sivil la ann Irak kap kouri pou batay kont militan Eta Islamik nan Ansyen vil Mosoul la. Irak, 1 jiyè 2017.

2
Fanm ak ti moun pami plizyè sivil irakyen kap kouri pou yo pa viktim nan batay kap dewoule nan Ansyen vil Mosoul la ant fòs lame irakyen yo ak miltan group teworis Eta islamik la. 1 jiyè 2017.

3
Pi fò nan Ansyen vil Mosoul la tonbe e kraze e popilasyon sivil la ap kouri kite zòn nan poutèt batay kap dewoule ant fòs lame irakyen yo ak militan teworis Islamik yo. 1 jiyè 2017.

4
Baryè antre Moske al-Nuri a ki kraze nèt. 1 jiyè 2017.