Semèn pase a, fòs irakyen yo reprann kontwòl zòn nan kote Moske istorik Al-Nuri an sitiye, nan ansyen vil l Mosoul la. Se nan vil sa a tou, gwoup Eta Islamik la te deklare etablisman li nan yon kalifa. Rezidan yo sove kite zòn nan, pou ale nan kan refijye yo, nan moman fòs lame Irak la kontinye angaje militan teworis yo nan yon batay san pran souf.
Rezidan Irakyen nan Ansyen Site Mosoul la Kap Kouri Kite Zòn nan Poutèt Lagè a
5
Moske al-Nuri ki detui nèt. 1 jiyè 2017.
6
Jan Moske al-Nuri an kraze a montre ki kalite destriksyon ki fèt nan zòn nan. 1 jiyè 2017.
7
Militan gwoup teworis Eta Islamik yo detui Moske al-Nuri an nan moman fòs lame irakyen yo tap avanse sou yo nan yon batay san pran souf pou fòse yo kite vil la. 1 jiyè 2017.
8
Yon lòt pati nan destriksyon Moske al-Nuri an ki montre nan ki nivo zòn nan kraze. 1 jiyè 2017.