Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Pare pou L "Rankontre ak Otorite Iranyen yo Nenpòt ki Lè e san Kondisyon"


Prezidan Donald Trump (agoch); epi Prezidan Assan Rouhani.
Prezidan Donald Trump (agoch); epi Prezidan Assan Rouhani.

Prezidan ameriken an Donald Trump, bay yon konferans pou laprès lendi 30 jiyè 2018 la, kote li fè konnen li dispoze rankontre ak otorite peyi Iran yo san poze kondisyon davans e nenpòt ki lè yo vle rankontre avèk li. Sepandan, nan menm konferans pou laprès la, lidè ameriken an di moun pa ta dwe janm kite rejim kanson-fè e brital ki nan Iran an posede zam nikleyè.

Vrèmanvre, pa pi lwen ke semèn pase a se pa ti pawòl piman bouk Prezidan Donald Trump te twoke ak lidè peyi Iran an, Hassan Rouhani. Misye Trump te voye bay Misye Rouhani yon avètisman pou di li pinga li janm menase Lèzetazini ankò. Nan yon konferans pou laprès ki dewoule lendi 30 jiyè 2018 la, lidè ameriken an retounen sou dosye Iran pandan li t ap pale ak laprès ansanm avèk Premye Minis Italyen an, Giuseppe Conte. Misye Trump di:

" Premye Minis Conte dakò avè m lè m di nou pa dwe kite rejim brital Iran an posede zam nikleyè; kanta pou sa, se swa jamè. Nou ankouraje tout peyi pou yo mete presyon sou Iran pou l mete fen nan tout aktivite mechan l ap mennen yo. Lèzetazini apresye anpil patenarya ki genyen ant li-menm avèk Itali nan efò trè-trè zenpotan sa yo. "

Prezidan Trump, ki t ap salye laprès sou pelouz La Mezon Blanch la madi 31 jiyè 2018, anvan yon vizit tou kout nan Baz Ayeryèn Andrews la, nan Eta Maryland, tou prè Washington, D.C.. Answit li te fè yon deplasman nan vil Tampa, Florid, kote li te gen pou l pran lapawòl.
Prezidan Trump, ki t ap salye laprès sou pelouz La Mezon Blanch la madi 31 jiyè 2018, anvan yon vizit tou kout nan Baz Ayeryèn Andrews la, nan Eta Maryland, tou prè Washington, D.C.. Answit li te fè yon deplasman nan vil Tampa, Florid, kote li te gen pou l pran lapawòl.

Lè laprès mande Prezidan Trump si li ta dispoze rankontre ak idè iranyen an, Assan Rourani, li reponn li pare totalman pou l rankontre ak dirijan iranyen yo nenpòt ki lè yo vle e san kondisyon ki poze davans. Daprè li, rankont konsa se bon bagay pou elimine tansyon ak konfizyon ki poze danje, menm jan moun ka wè sa avèk rankont li te fè sa pa gen kontan avèk lidè Kore di Nò ak Larisi.

Bo kote pa yo, otorite yo nan Teheran di yo refize antre nan okenn negosyasyon avèk otorite ameriken yo, paske yo gen prèv ki montre yo pa kapab konte sou Lèzetazini, paske pawòl li pa pawòl serye. Semèn pase a, prezidan iranyen an, Assan Rourani, te lanse avètisman pou l di kalite politik Prezidan Trump ap pratike yo se politik ki kabab debouche sou sa li rele "manman tout lagè"; sa te pouse Prezidan Trump bay yon repons kif-kif e byen dyanm.

Lidè siprèm Peyi Iran an, Ayatollah Ali Khamenei, pandan li t ap asiste yon rankont nan Teheran, kapital Iran, nan dat 27 jen 2018 la.
Lidè siprèm Peyi Iran an, Ayatollah Ali Khamenei, pandan li t ap asiste yon rankont nan Teheran, kapital Iran, nan dat 27 jen 2018 la.

​Sepandan, nan jounen jedi 26 jiyè pase a, Jeneral Qassem Soleimani, yon otorite wo-plase nan Gar Revolisyonè Iran an, te fè konnen lame peyi li pare pou l fè fas-kare ak nenpòt ki defi ki ta sòti bò kote Lèzetazini. Jeneral Soleimani te deklare :

"Ebyen! Kite m pale pou m di nou nèg Trump la renmen pran chans. Mwen ta vle fè yo konnen nou toujou tou pre yo, kote ou pa menm imajine nou ta kapab ye."

Pou le moman Iran gen plis rezon pou l ta gen kè-sote akoz sanksyon ekonomik Lèzetazini ka pran kont li ke akoz sanksyon militè. Sanksyon ekonomik yo ap fòse kèk òmdafè ak antreprenè etranje sispann envesti kòb nan Iran, sa ki kapab fè gwo dega nan ekonomi peyi sa a.

XS
SM
MD
LG