Accessibility links

Breaking News

Prezidan Hassan Rouhani Anonse Iran pare pou l Reyaji ak Fèmte si Lèzetazini Enpoze Sanksyon sou peyi sa a.


Prezidan Iran an, Hassan Rouhani
Prezidan Iran an, Hassan Rouhani

Prezidan Iranyen an, Hassan Rouhani --ki tap pale nan jounen mèkredi 19 jiyè 2017 la-- deklare peyi li pral kanpe fèm devan Lèzetazini e li pral koresponn kif-kif ak tout sanksyon Washington ta enpoze sou Iran. San Misye Rouhani pa bay detay, li ajoute:

“Nap kanpe tennfas devan Lèzetazini; gran peyi ki rele Iran an pare pou l bay repons ki apwopriye a."

Prezidan iranyen an pale konsa pandan dewoulman kabinè ministeryèl la ki pase an dirèk sou televizyon leta nan Teyeran yon jou apre Lèzetazini ta anonse li pran sanksyon kont 18 sitwayen iranyen ak biznis kap opere nan nan repiblik islamik la sou akizasyon deske “yo apiye pwogram misil balistik iranyen an.

Prezidan Rouhani se yon òm politik modere; men sa gen yon ti tan deja depi li te kòmanse leve vwa li pou l kritike Lèzetazini. Daprè li, relasyon ant Washington ak Teyeran se yon wout an zigzag.

XS
SM
MD
LG