Accessibility links

Breaking News

Iran di li pap Fè Bak Sou Plan Nikleyè li a


Prezidan iranyen an Mahmoud Ahmadinejad deklare peyi li pap fè okenn bak sou wout nikleyè li
Prezidan iranyen an Mahmoud Ahmadinejad deklare peyi li pap fè okenn bak sou wout nikleyè li

Grand Bretay al Almay deklare Iran ap fè fas ak plis sanksyon si l refize kolabore ak ekspè nikleyè l ONU ki fè konnen yo gen prèv ki di Iran ap fè efò pou l bati plan yon zam nikleyè.

Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la pibliye yon rapò ki bay « gwo kè-sote » akoz enfòmasyon ki montre Iran bati plan yon zam nikleyè, e ke li “teste kèk eleman nan zam nan”.

Prezidan iranyen an Mahmoud Ahmadinejad deklare peyi li pap fè okenn bak sou wout nikleyè li. Li rejte tou rapò ajans atomik la, kote li fè konnen rapò sa a pa fè okenn sans.

XS
SM
MD
LG