Accessibility links

Breaking News

Yon Vag Atak Blese Plis Pase 50 Moun nan Irak


Yon Vag Atak Blese Plis Pase 50 Moun nan Irak
Yon Vag Atak Blese Plis Pase 50 Moun nan Irak

Otorite irakyen yo di yon vag atak touye omwen 17 moun e blese plis pase 50 lòt, pami yo plizyè polisye ak sòlda irakyen.

La polis fè konnen omwen 13 moun mouri lè yon machin pyeje eklate devan yon restoran tou prè vil Hilla ki sou yon distans apeprè 90 kilomèt o sid kapital la, Bagad.

Omwen 2 polisye twouve yo pami moun ki mouri yo e omwen 40 lòt moun blese. Nan pwovens Anbar, otorite yo rapòte yon bonm ki te kole sou yon machin eklate nan yon baz militè nan vil Habbaniyah; 2 sòlda pèdi lavi yo e 10 lòt blese.

Pandansetan, otorite yo rapòte nèg ame louvri kout zam sou yon patwouy sekirite, 2 polisye mouri e yon lòt blese.

XS
SM
MD
LG