Accessibility links

Breaking News

Sòlda Irakyen yo Dekouvri nan yon Prizon Kadav Plizyè Santèn Moun Gwoup Teworis Eta Islamik la te Ekzekite


Fòs sekirite irakyen yo kap avanse pandan batay yap mennen kont militan gwoup teworis Eta Islamik la nan lwès Mosoul, Irak, Lendi 6 Mas, 2017. (Foto: AP/ Khalid Mohammed)
Fòs sekirite irakyen yo kap avanse pandan batay yap mennen kont militan gwoup teworis Eta Islamik la nan lwès Mosoul, Irak, Lendi 6 Mas, 2017. (Foto: AP/ Khalid Mohammed)

Sòlda lame Irak yo reprann mèkredi 8 mas 2017 la yon prizon tou pre vil Mosoul ki te anba kontwòl militan gwoup Eta Islamik la. Nouvèl yo fè konnen ke gwoup teworis Eta Islamik la te ekzekite plizyè santèn moun nan prizon sa a.

Batay kap dewoule kounye a antre nan kad misyon fòs lame Irak la genyen, depi nan kòmansman mwa fevriye pase a, pou l reprann pati wès Mosoul nan men gwoup eta islamik la.

Gwoup dwa zimen, Human Rights Watch, fè konnen militan teworis yo te konn sèvi ak prizon Badush la pou ekzekite yon afè 600 moun. Se nan prizon sa a tou yo te kenbe fanm Yazidi ke yo te kidnape yo.

XS
SM
MD
LG