Responsab sekirite yo fè konnen militan islamis ki te pran kontwòl vil Mosoul madi 10 jen an mete men sou vil Tikrit ki sou yon distans 200 kilomèt ak kapital irakyen an, Bagdad. Menm sous yo di militan sinit yo, ki te pran direksyon sid apati vil Mosoul, fè dappiyanmp sou pi gwo rafinri petwòl Irak posede a e sou Tikrit - vil kote defen diktatè Saddam Hussein te pran nesans.
Toujou selon otorite yo, rebèl yo antre nan vil Beiji nan fen lannuit madi 10 jen an, yo mete dife nan pòs polis la ak nan tribinal la e yo kwape 250 ouvriye ki tap asire sekirite pi gwo rafinri petwòl Irak la. Dapre sa moun rapòte, islamis yo te ofri pèsonèl sekirite rafinri a yap kite yo pati sen-e-sof si yo kite rafinri a pasifikman.
Estasyon televizyon leta a nan Irak di, militan islamis yo mete an dewout e kwape nan Beiji 4e demi-brigad lame irakyèn nan.
Sous gouvènman Turk la (Turquie) di militan yo pran kontwòl konsila Turki genyen nan Mosoul la e yo kidnape 48 moun, pami yo: konsil la, pèsonèl konsila a, gad sekirite ak 3 timoun.
Minis afè etranjè Irak la, Hoshyar Zebari, deklare dirijan irakyen yo dwe ini yo devan sa li konsidere kòm "menas mòtèl grav" li genyen devan l la.
Fason militan islamis yo pran 2 vil sa yo e pou jan yap vanse rapid nan direksyon sid peyi a reprezante yon kokenn defèt pou gouvènman irakyen an chi'it yo ap kontwole.