Chèf dwazimen Nasyon Zini an, Zeid Ea'ad Al-Hussein, lanse apèl pou responsab militè Irak ak responsab kowalisyon Lèzetazini ap dirije a fè yon revizyon sou taktik yap itilize nan batay kont militan Eta Islamik la nan vil Mosoul.
Dapre Mesye Al-Hussein revizyon taktik sa ap ede kowalisyon an yon fason pou l pa tonbe nan pyèj konbatan gwoup teworis la tann pou yo e ki kapab tou mete populasyon sivil la an danje.
Chèf biwo dwa moun l ONU an, di: "Frap ayeryen sou Eta Islamik la nan yon anviwonnman konsa, patikilyèman nan zòn kote militan yo itilize anpil boukliye imen kapab genyen yon move enpak sou populasyon sivil la.