Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: Batay pou Repran Vil Raqqa an Siri ak Mosoul an Irak nan Men Gwoup Eta Islamik la AP Kontinye


Machin Blende yo kap fè bak nan avansman yo nan Gogjali, Mosoul, Iraq, 7 nov. 2016.
Machin Blende yo kap fè bak nan avansman yo nan Gogjali, Mosoul, Iraq, 7 nov. 2016.

Fòs siryen ki gen Kurd nan tèt yo, ak apui avyasyon militè ak konseye Etazini, pran yon pakèt pozisyon ki te anba men gwoup Eta Islamik la pandan gen gwo batay Jodi a nan nò Raqqa.

Men Obsèvatwa siryen pou Dwa Moun fè konnen pako gen vrè pwogrè ki fèt pou kounye a nan ofansiv la.

Yon lòt kote an Inak, batay pou repran vil Mosoul nan men gwoup eta islamik la ap kontinye.

Lame opozisyon an kap mobilize pou konbat gwoup Eta Islamik la tou pre nan nò Raqqa, peyi Siri.
Lame opozisyon an kap mobilize pou konbat gwoup Eta Islamik la tou pre nan nò Raqqa, peyi Siri.

Fòs kurd ak irakyen yo lanse yon ofansiv lendi 7 novanm a pou pran bouk Bashiqa nan men konbatan gwoup Eta Islamik yo.

Fòs Pershmerga yo te sèkle bouk la depi plizyè semèn avan yo te lanse operasyon an.

Bouk la sitye nan apeprè 13 kilomèt ak Mosoul, ki se pi gran vil ki anba kontwol gwoup Eta Islamik la.

XS
SM
MD
LG