Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: Yon Move Tan Bloke Avansman Gwoup Kowalisyon an Kap Batay pou Libere Vil Mosoul


Fanm ak timoun ki chita nan bak yon machin apre yo te fin chape soti nan vilaj gwoup Eta Islamik la kontwole nan Mosul, Irak, 1 novanm, 2016.
Fanm ak timoun ki chita nan bak yon machin apre yo te fin chape soti nan vilaj gwoup Eta Islamik la kontwole nan Mosul, Irak, 1 novanm, 2016.

Jounen mèkredi 2 novanm 2016 la, pandan move tan bloke fòs yo k ap vanse sou vil Mosoul pou wete l anba men gwoup Eta Islamik la, yon ajans k ap pote èd avèti ke gen gwo danje pou sivil pandan batay yo ap ogmante nan vil la.

“Nap pare kò nou pou pi mal la,” se pawòl Wolfgang Gressmann ki nan Konsèy Refijye Nòvèj la.

Gwoup la fè konnen plizyè milye sivil deja kouri kite vil la, e tirè an-chat-pent ak eksplozif déjà touye anpil moun. Sa yo ki rete nan vil la toujou bezwen manje, dlo, ak materyèl medikal.

XS
SM
MD
LG