Accessibility links

Breaking News

Konbatan Irakyen ak Kurd yo Fè Pwogrè nan Batay pou Repran Vil Mosoul nan Men Gwoup Eta Islamik la


Fòs sekirite irakyen yo ap avanse nan Qayara, nan sid Mosoul. 18 oktòb, 2016.
Fòs sekirite irakyen yo ap avanse nan Qayara, nan sid Mosoul. 18 oktòb, 2016.

Fòs irakyen ak kurd fè konnen yo repran yon douzèn vilaj toupre Mosoul, pandan yap mete presyon pou repran 2èm pi gran vil peyi Irak nan men gwoup Eta Islamik la.

Ofansiv sa a ke moun tap tann lontan, koalisyon ki gen Etazini nan tèt li a apiye ak frap aeryen, e ki gen ladann fòs tribi Sunni yo ak milisyen Shiyit, ofansiv sa a kontinye nan 2èm jounen li jodi a. Batay yo rete nan alantou Mosoul, e chak liy batay ap vanse nan vitès diferan.

Mosoul, Irak
Mosoul, Irak

Prezidan Etazini Barack Obama, ki t ap pale nan Washington jodi a, deklare Mosoul pwal yon a « batay difisil » men li eksprime konfyans gwoup Eta Islamik la ap pèdi vil la.

Misye Obama kontinye pou l di: “Petèt gen yom milyon sivil kap viv toujou nan vil la, konsa, anplis de dechouke Eta Islamik, nap konsantre sou sekirite ak èd imanitè pou sivil kap kouri pou batay la, sa pwal enpòtan anpil pou tou le 2 gouvènman nou yo.

XS
SM
MD
LG