Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewòp la Ranfòse Sanksyon Li Pran Kont Siri pou fè yo Vize Iran tou


Inyon Ewòp la Ranfòse Sanksyon Li Pran Kont Siri pou fè yo Vize Iran tou
Inyon Ewòp la Ranfòse Sanksyon Li Pran Kont Siri pou fè yo Vize Iran tou

Inyon Ewòp la deside ranfòse sanksyon li pran kont peyi Siri ; yo vize tou kounyela a kò-delit ki nan Gad Revolisyonè peyi Iran an poutèt gwoup sa a te ede lame siryèn nan nan operasyon sere-boulon li te lanse kont òganizatè ak militan mouvman leve-kanpe k ap denonse rejim Prezidan Bashar El-Assad la depi 5 mwa deja.

Inyon Ewòp la fè parèt yon deklarasyon kote li di kò-delit Gad Revolisyonè Iran an te ofri lame siryèn nan "asistans teknik, ekipman avèk lòt kalte èd" pou l te ka kreze zo sivil ki t ap patisipe nan mouvman pwotestasyon an.

XS
SM
MD
LG