Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewòp la Rejte Envitasyon Iran pou vinn Enspekte Pwogram Nikleyè yo a


Inyon Ewòp la Rejte Envitasyon Iran pou vinn Enspekte Pwogram Nikleyè yo a
Inyon Ewòp la Rejte Envitasyon Iran pou vinn Enspekte Pwogram Nikleyè yo a

Inyon Ewòp la fè konnen li pral rejte envitasyon Iran lanse pou espesyalis ewopeyen al fè yon toune enspeksyon nan enstalasyon nikleyè peyi sa a pi ta mwa sa a.

Responsab an chèf politik afè etranjè inyon an, Catherine Ashton, pale poul di se Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la (AEEA) ki gen responsablite pou fè kalte enspeksyon konsa.

Madam Ashton fè dekarasyon sa a vandredi 7 janvye 2011 la aprè li te finn rankontre avèk minis afè etranjè peyi La Ongri, Janos Martonyi.

XS
SM
MD
LG