Nan yon misyon evaliyasyon li sòt fè ann Ayiti, twa delegasyon palmantè Ewopeyen yo konstate pa gen anpil efò ki fèt pou amelyore kondisyon lavi sinistre tranblemandtè 12 janvye a k ap viv nan kan ki epapiye atravè kapital ayisyen an ak nan rejyon alantou yo.
Youn nan manm misyon an, ki t'al evalye pwogrè yo deklare pa gen ase pwogrè ki fèt sou plan rekonstriksyon an e li kalifye kòm "pa imen" sitiasyon reskape yo nan kan yo, 5 mwa apre katastwòf la.
Manm delegasyon ewopeyèn nan te fè deklarasyon sa a nan mikwo korespondan nou Rotchild François jr., korespondan nou nan kapital ayisyen an, Pòtoprens.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Lendi 28 jen, 2010 la.