WASHINGTON DC —
Samdi 4 fevriye 2017 la, Prezidan Donald Trump te reponn apre yon jij federal te pran desizyon pou l bloke pou yon ti tan dekre prezidan an te siyen pou li entèdi sitwayen plizyè peyi nan Mwayen Oryan an antre nan peyi Etazini. Prezidan Trump fè konnen desizyon jij la “ridikil,” e ke li pral chèche ranvèse li
Jij la -- ki trouve l nan eta Washington nan zon nodwès Etazini -- te pran desizyon sa a vandredi 3 janvye 2017 la pou fè yon kanpe pandan yon ti tan sou aplikasyon dekrè prezidan an. Dekrè Prezidan Trump la se pou anpeche yon pakèt refijye siryen antre nan peyi Lèzetazini, epitou anpeche tou pandan 90 jou sitwayen nan sèt peyi kote ki gen mizilman an majorite antre nan peyi a. Gouvènman federal la konsidere yo kòm moun ki ka poze gwo zak teroris Ozetazini.
Ajans Ameriken ki responsab pou fè patwouy ak pwoteje fwontyè Lezetazini fè konnen swit ak desizyon jij la, moun ki gen yon visa Ameriken ki valab nan men yo ap kapab antre san grate tèt nan peyi Etazini.
Plizyè gwo konpayi aeryen tankou Air France, British Airways elatriye kòmanse kite monte abò avyon yo pasaje ki soti nan 7 peyi dekrè a te afekte yo.
Touswit apre desizyon jij la, Lamezon Blanch fè soti yon kominike pou fè konnen Depatman Jistis la pra l fè yon apèl “an ijans kont lòd revoltan sa a.” Yon ti tan apre, Lamezon Blanch te fè soti yon lòt nòt ki pat gen mo “revoltan an" ladan l.
Yon kou dapèl rejte demand administrasyon Trump la ki te vle pou yo retabli entèdiksyon sou kèk vwayajè ak refijye.
Kominike Lamezon Blanch pibliye a fè konnen dekrè Prezidan Trump pran an “Ann akò ak lalwa epi li apwopriye.”