Accessibility links

Breaking News

Peyi Ikrèn sou Wout pou l Vin Manm OTAN, Òganizasyon Trete Atlantik Nò a


Prezidan Ikrèn nan, Petro Poroshenko, agoch, ak Sekretè Jeneral l OTAN an, Jens Stoltenberg, pandan yon rankont nan Kyèv Ikrèn, lendi 10 jiyè 2017.
Prezidan Ikrèn nan, Petro Poroshenko, agoch, ak Sekretè Jeneral l OTAN an, Jens Stoltenberg, pandan yon rankont nan Kyèv Ikrèn, lendi 10 jiyè 2017.

Ikrèn pwal tanmen diskisyon sou yon aksyon ki ka fè l tounen manm Òganizasyon Trete Atlantik Nò a (l OTAN), dapre sa Prezidan peyi a, Petro Poroshenko, anonse lendi 10 jiyè 2017 la.

Sekretè Jeneral l OTAN an, Jens Stoltenberg, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès ansanm ak Prezidan Poroshenko nan Kyèv, fè konnen Ikrèn pa reponn kounye a kondisyon pou l antre nan l OTAN, men li gen yon plan 3 lane pou rive an 2020 e ke li konnen sa ka fèt.

XS
SM
MD
LG