Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Viktim yon Kokenn Atak sou Entènèt


cyber attack Ukraine
cyber attack Ukraine

Yon kokenn atak sou entènèt frape Ikrèn, e Kyèv avèti sitwayen li yo "pou yo atann pi mal toujou", pandan LaRisi ki gonfle 100-mil solda sou fwontyè ak vwazen li, pibliye jodi a imaj sou televizyon ki moutre li deplwaye plis fòs nan kad yon ekzèsis militè.

Devlòpman sa yo vini pandan pa gen okenn avans ki fèt nan reyinyon ant LaRisi ak peyi nan loksidan yo ki krenn pou Moskou pa lanse yon nouvo atak sou yon peyi li te deja anvayi an 2014. "Tanbou lagè a ap sonnen fò," se pawòl yon diplomat ameriken wo-plase.

Bò kote pa-l, LaRisi demanti ke li gen entansyon atake Ikrèn, men li afime ke li ka lanse yon aksyon militè ke li pa presize si li pa jwenn sa li reklame, antwòt pwomès pou Ikrèn pa janm antre nan l-OTAN. Imaj ministè Defans LaRisi ke ajans nouvèl RIA pibliye moutre anpil machin blende ak lòt materyèl militè ke y ap anbake nan tren nan distri militè Ès la.

Mouvman sa yo moutre ke LaRisi pa gen entansyon kalme tansyon yo nan Ikrèn. Pou Moskou, ki wè l-OTAN k ap laji a kòm yon menas pou li, li reklame garanti sekirite, e Etazini dekri eleman kle yo nan garanti sa yo, kòmkwa yo pa gen avni.

Otorite yo nan Ikrèn ap mennen ankèt sou kokenn atak sou entènèt la ki frape kèk ògàn gouvènman, pami yo kabinè minis yo ak konsèy sekirite ak defans la. Atak la kite yon mesaj ki chaje ak pawòl ke leta Ris ap pale depi lontan, ke Kyèv rejte, tankou sa ki di Ikrèn pwal tonbe anba men kèk gwoup nasyonalis ekstrèm dwat.

LaRisi pa fè kòmantè touswit sou atak la, men li nye ke li te konn atake Ikrèn sou entènèt.

XS
SM
MD
LG