Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Peyi Ejip la, Hosni Mubarak, Libere


Ansyen lidè peyi Ejip la, Hosni Mubarak, akonpaye ak pèsonèl medikal ak sekirite kote li ta pral monte abò yon anbilans nan MAADI, yon lopital Militè nan Cairo, Ejip, 2 mas 2017. (Foto: AP/Amr Nabil)
Ansyen lidè peyi Ejip la, Hosni Mubarak, akonpaye ak pèsonèl medikal ak sekirite kote li ta pral monte abò yon anbilans nan MAADI, yon lopital Militè nan Cairo, Ejip, 2 mas 2017. (Foto: AP/Amr Nabil)

Ansyen lidè ejipsyen an, Hosni Mubarak, jwenn liberasyon li apre li te fin pase tan nan lopital ak prison pandan 6 lane. Mesye Mubarak te pèdi pouvwa a apre revòlt Prentan Arab la ki te kòmanse nan lane 2011.

Mesye Mubarak se premye lidè ki al nan jijman apre rebelyon Prentan Arab la ki te gaye nan rejyon an. Li te anba akizasyon kòmkwa li te pouse otorite lapolis ak militè yo touye manifestan nan revòlt la ki te dire 18 jou.

Li te fè fas ak lòt akizasyon ke jij yo te rive elimine. Anseyn prezidan Mubarak kite lopital militè kote li tap resevwa swen an jounen vandredi 24 mas 2017 la.

XS
SM
MD
LG