Accessibility links

Breaking News

Honduras: Prezidan Sòtan an Juan O. Hernandez Kriye Viktwa nan Vòt Konteste Novanm yo


Prezidan aktyèèl peyi Honduras la, Juan Orlando Hernandez, ak men dwat li alè pandan yon rankont ak patizan li yo Tegucigalpa, Honduras, 7 desanm 2017.
Prezidan aktyèèl peyi Honduras la, Juan Orlando Hernandez, ak men dwat li alè pandan yon rankont ak patizan li yo Tegucigalpa, Honduras, 7 desanm 2017.

Nan Honduras, responsab elektoral yo deklare prezidan sòtan an, Juan Orlando Hernandez, ranpòte eleksyon konteste mwa novanm 2017 la ak mwens pase 43 pou 100 vwa yo.

Rival gochis li a, Salvador Nasralla gen mwens pase 42 pou 100 vwa yo. 20 moun mouri pou pipiti nan manifestasyon ki dewoule nan peyi a apre eleksyon yo, dapre otorite ekestoral.

Nasralla, ki pa vle aksepte rezilta eleksyon yo, gen pou l vin Washington lendi 18 desanm nan pou l rankontre ak kèk otorite nan Depatman Deta ak Oganizasyon Eta ameriken yo, OEA. Kandida opozisyon an deklare li pare pou l montre yo prèv iregularite ki te genyen nan eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG