Nan yon nòt MINUJUSTH pibliye nan Pòtoprens, li fè deklarasyon sa a:
<<Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyon Zini an ann Ayiti (RSSG), ki se an menm tan chèf Misyon Nasyonzini pou Apiye Lajistis ann Ayiti (MINUJUSTH), Helene La Lime, apresye le fèt ke palman an ratifye deklarasyon politik jeneral Premye Minis Jean-Henry Céant ak enstalasyon li nan dat 17 septanm 2018 la.
Mme La Lime vle an menm tan apresye efò Prezidan Repiblik la, Jovenel Moise, Prezidan Sena a, Joseph Lambert, ak Prezidan Chanm Depite a, Gary Bodeau -efò ki debouche sou yon dyalòg konstriktif ant Egzekitif la ak Lejislatif la, sa ki pèmèt yo jwenn yon akò sou enstalasyon nouvo Premye Minis la ak gouvènman li a.
Chèf MINUJUSTH la repete angajman Nasyonzini pou l rapousuiv patenrya a avèk otorite ayisyen yo dekwa pou aplike manda MINUJUSTH la nan kad yon estrateji sòti ke l’ONU te prepare ansanm avèk otorite ayisyen yo pou yon tanzisyon ki ka debouche sou yon prezans Nasyonzini san yon operasyon mentyen-lapè disi fen ane 2019.
Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayiti ankouraje tout pati konsène yo pou yo pousuiv efò y ap fè pou ranfòse enstitisyon etadedwa yo, pou pwofesyonalize an pèmanans Polis Nasyonal d Ayiti a, pou pwomosyon ak pwoteksyon dwamoun, an plis devlopman ekonomik e sosyal dirab peyi a, nan kad 7 pilye priyoritè Prezidan Jovenel Moise yo ak objektif devlopman dirab la (ODD). >>