Accessibility links

Breaking News
Azi

Harris Rive Japon pou Fineray Ex-PM Abe


Vis Prezidan Etazini Kamala Harris (a goch) ak Premye Minis Japone Fumio Kishda nan Tokyo, Japon, Lendi 26 Sept. 2022.
Vis Prezidan Etazini Kamala Harris (a goch) ak Premye Minis Japone Fumio Kishda nan Tokyo, Japon, Lendi 26 Sept. 2022.

Vis Prezidan Etazini, Kamala Harris rive Tokyo Lendi nan kad yon vire won 3 jou ki pral mennen li tou nan Kore di Sid.

Minis Afè Etranje Japonè a, Kenji Yamada te akeyi Vis Prezidan Kamala Harris nan baz aviyasyon Yotoka, ki sitye a a lwès Tokyo, ansanm ak Anbasadè Etazini Rahm Emanuel.

Apre sa, Harris te fè chita tande ak Premye Minis Japonè a Fumio Kishida.

Vis Prezidan Harris ap dirije delegasyon Amerikèn ki pral asiste fineray ofisyèl ansyen Premye Minis Shinzo Abe ki te mouri asasinen nan mwad Jiyè a nan rejyon wès Japon pandan li tap fè kanpay.

Gen plis pase 190 delegasyon etranje ki pral asiste fineray la.

XS
SM
MD
LG