1) Prezidan Jovenel Moïse Envite nan Somè G7 la o Kanada:
Prezidan Jovenel Moise kite peyi a vandredi 8 jen 2018 la pou Kanada kote li envite pou ale nan somè G7 la ki dwe fèt nan Malbaie, Quebec. Kòm prezidan CARICOM, premye sitwayen ayisyen an pral patisipe nan yon deba sou kondisyon anviwonman lanmè a. Chèf Leta a ap gen pou patisipe nan yon reyinyon bilateral tou ak Premye minis Québec la Philippe Couillard. Prezidan Moïse gen pou l chita pale tou ak plizyè manm nan kominote ayisyèn nan Québec.
2) Divizyon ant Pitit Dessalin ak lòt manm nan sektè demokratik popilè nan opozisyon an:
Ansyen Senatè e kadida ala prezidans Moise.Moise Jean Charles lanse yon iltimatòm bay manm nan sektè demokratik la kote li fè konnen li lap kontinye baray menm poukont li kont pouvwa Jovenel Moise la. Lòt manm seksè demokratik opozisyon yo rejte iltimatòm lidè Pitit Dessalin nan ke yo dekri kòm arogan.
Yo ankouraje ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide, Jude Celestin, senatè Cherami, Beauplan ak Cassy pou fè tout efò yon fason pou ankouraje inite ki nesesè nan sektè demokratik la.
4) Reyaksyon sou vòt Ayiti nan OEA sou kriz Venezyela a:
Lidè MOPOD la, agronòm, Jean André Victor blame Gouvènman Moise-Lafontant an poutèt li chwazi pa vote ni pou ni kont madi 5 jen 2018 la nan OEA sou dosye kriz Venezyela a. Dapre Mesye Victor, vòt sa a febli peyi a plis diplomatikman. Istoryen Georges Michel bò kote pal kwè Ayiti te montre bon konprann lè li te vote jan l vote pandan vòt la nan OEA. Pou Georges Michel Ayiti pa ka vote kont Venezyela akoz de lyen istorik ki egziste ant de nasyon yo.
5) Bilan travay Enspeksyon Jeneral Polis la, IGPNH, pou mwa me 2018:
Pòtpawòl Enspeksyon Jeneral la Polis Nasyonal, IGPNH, prezante bilan travay biwo li a pou mwa me 2018 la. Dapre Enspektè Jean Claude Benjamin, yo anrejistre 69 plent kont ofisye polis yo; li di tou yo te ouvè 87 envestigasyon ak fè 24 rekòmandasyon sispansyon kont akize yo.