Accessibility links

Breaking News

Kominote Entènasyonal la nan Asosyasyon ak Gouvènman Ayisyen an ap Travay Pou Refòme Sistèm Jidisyè Peyi a


Nan yon chita tande ki fèt nan Enstiti Lapè Etazini an (UNIP) nan Washington, plizyè panelis te reyini pou yo pale sou sistèm jidisyè a nan peyi d Ayiti
Nan yon chita tande ki fèt nan Enstiti Lapè Etazini an (UNIP) nan Washington, plizyè panelis te reyini pou yo pale sou sistèm jidisyè a nan peyi d Ayiti

Nan yon chita tande ki fèt nan Enstiti Lapè Etazini an (United States Institute of Peace) USIP nan Washington, plizyè panelis te reyini pou yo pale sou sistèm jidisyè a nan peyi d Ayiti e sou fason kominote entènasyonal la pi presizeman gwoup ki rele, Internationsal Crisis Group la, kapab kolabore ak gouvènman ayisyen an pou ede l refòme sistèm penal peyi a.

Daprè panelis yo, pa ka gen rekonstriksyon ann Ayiti san pa gen yon sistem jidisyè solid. Daprè yo, sistèm nan dysfonksyonèl , sètadi pandan twò lontan li pap fonksyonen jan li ta dwe e li andikape pwogrè peyi a.

Yo kontinye pou di “majorite ayisyen yo pa fè otorite yo konfyans e yo pa gen aksè a lajistis nan yon peyi kote plizyè moun ap kwoupi nan prizon pou ti krim banal epi kriminèl kontinye ap mache nan lari lib-è-libè.”

Youn nan Panelis yo, Joel Danies, pale pou l di Ayiti gen yon pwoblèm “detansyon prevantiv” kote gen plizyè moun ki nan prizon san yo pa akize yo pou okenn krim e yo pa janm jije. Solisyon li ofri pou pwoblèm sa a, se pou gouvènman ayisyen an devlope yon fòs polis nasyonal disipline ki ka ranplase MINUSTAH e ki ka bay popilasyon an sekirite.

Mesye Danies rekonèt akademi Polis la bay etidyan yo fòmasyon e genyen anpil polisye dènye klass ki gradye nan dènye pwomosyon an men plizyè nan kadè ki gradye yo pa gen ekipman.

Panelis yo ensiste pou yo di sistèm penal ayisyen an pap ka vanse pou pi devan si manke lidèchip. Daprè Joel Danies toujou: “Etazini pa la pou l fè bagay yo nan plas Ayiti, men li senpleman la pou l kore objektif pèp ayisyen an.”

klike sou lyen ki anba atik la pou w koute yon repòtaj Coralie Saint-Louis.

XS
SM
MD
LG