Accessibility links

Breaking News

Etazini Egzòte Ayiti Kreye yon Sitèm Jistis Moun ka Fè Konfyans


Joel Danies ki se kowòdonatè spesyal adjwen pou afè politik ki gen rapò ak Ayiti nan biwo kowòdonatè spesyal pou Ayiti a nan depatman deta ameriken.
Joel Danies ki se kowòdonatè spesyal adjwen pou afè politik ki gen rapò ak Ayiti nan biwo kowòdonatè spesyal pou Ayiti a nan depatman deta ameriken.

Mesye Joel Danies, kowòdonatè spesyal adjwen pou afè politik ki gen rapò ak Ayiti nan biwo kowòdonatè spesyal pou Ayiti a nan Depatman Deta ameriken patisipe dènyèman nan yon konferans sou refòm sistem jistisn Ayiti a nan Washington.

Nan konferans sa a, misye Danies e mete aksan sou pwoblèm sistèm jistis la apo konfwonte tankou detansyon prevantiv pwolonje; ki vle di kenbe yon moun anpil tan nan prizon avan pou livparèt devan jij natirèl li. Daprè misye Danies, Etazini ap travay ak otorite lajistis ayisyen yo pou idantifye dosye moun ki nan prizon depi mwa (si se pa ane) e ki poko janm parèt devan lajistis.

Kowòdonatè spesyal adjwen an di li nesesè se pou Ayiti a genyen plis jij pou al wè prevni ki fèmen nan prizon atravè peyi a, yon fason pou yo ka koumanse tande ka yo e tanmen pwosesis enstriksyon ka yo.

Joel Danies ensiste sou bezwen Ayiti genyen pou otorite yo kreye yon sistèm jistis ke tout Ayisyen ak etranje k ap vin kreye travay nan peyi a ap kapab fè konfyans. Nan woumble sa-a, mesye Danies te pwofite fè remake pou patisipan yo ke sèl objektif gouvènman Lèzetazini an nan peyi Dayiti Ayiti se ede pèp ayisyen nan direksyon kote li vle ale a".

klike sou lyen ki anba atik la pou w koute yon entèvyou Coralie Saint-Louis ak Joel Danies.

XS
SM
MD
LG