Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise anonse yon rankont lendi 18 desanm 2017 la ak 2 lòt pouvwa leta yo pou diskite, dapre li, sou pwoblèm ki genyen nan sistèm jidisyè peyi a. Chèf leta a fè anons sa a pandan li tap pale ak laprès nan Aewopò Toussaint Louvertue samdi pase a apre yon vwayaj plizyè jou an Ewop.
Prezidan Moise te pwovoke kòlè otorite Konsèy Siperyè Pouvewa Jidisyè (CSPJ) nan yon deklarasyon lite fè nan vil Pari an Frans kote li te deklare, "CSPJ a banm yon lis 50 moun ki gen akizasyon koripsyon kap peze sou do yo pou mwen nome kòm jij."
Yon manm CSPJ a ki tap reyaji sou lèzon yon radyo nan kapital ayisyèn nan di manm konsèy jidisyè yo poko pare pou chita pale ak chèf leta a.