Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Kanada: Depite Kanadyen-Ayisyen, Emmanuel Dubourg, Dekonseye Imigran Ayisyen Antre Kanada Ilegalman


Depite Ayisyen-Kanadyen Emmanuel Dubourg, nan mikwo Piere Nazon Baulière
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:08 0:00

Depite kanadyen dorijin ayisyen, Emmanuel Dubourg, twouve l Ozetazini nan eta Florid kote lap mennen yon kanpay pou dekonseye imigran ayisyen yo antre o Kanada ilegalman.

Anpil ayisyen ki gen estati tanporè, TPS, kap ekspire an janvye 2018 kap vini an deja pran wout fwontyè Kanada pou yo. Se prèske chak jou otorite kanadyèn yo resevwa plizyè santèn ayisyen sou fwontyè a kote yo oblije ouvè Stad Olimpik Monreyal la pou ebèje imigran sa yo kap debake pa bann e pa pakèt sou fwontyè Etazini ak Kanada a nan zòn New York.

Mesye Dubourg ki se depite vil Borassa nan peyi Kanada ap fe yon vire won nan Miami pou rankontre ak diferan lidè ak jounalis nan kominote ayisyèn nan pou chache konnen ki vrè rezon ki fè resòtisan yo ap kouri kite Etazini pou antre o Kanada.

Nan yon entèvyou eksklisif Misye Dubourg bay Lavwadlamerik, li eksplike pou l di imigrasyon peyi Kanada pa gen okenn pòt ki ouvè pou imigran ilegal ayisyen. Tankou moun ki rive sou frontyè yo anba fil, nou resevwa yo jan lwa entènasyonal yo mande sa, men apre yo pral gen pou yo fè fas kare ak lajistis ki pral detemine si wi ou non yap kapab rete o Kanada oubyen voye yo tounen ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG