Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Goud la Kontinye Degringole Parapò a Dola a; Gouvèman an Anvizaje Mezi pou Bese Lavi Chè a


Lajan Ayisyen. Foto achiv: REUTERS/Eduardo Munoz.
Lajan Ayisyen. Foto achiv: REUTERS/Eduardo Munoz.

Ou bezwen 71 goud 25 santim pou ache yon dola ameriken ann Ayiti. Yon sitiyasyon ki preokipe atansyon vis prezidan Sena ayisyen an, Pierre Francois Sildor.

Dapre anpil obsèvatè, monte dola sou mache lokal gen pou awè ak dekrè premye mas 2018 la ki egzije pou tout tranzaksyon nan peyi fèt an goud olye de dola. Desizyon pou dedolarize mache a pa pote fui jan otorite yo te espere li a.

Yon sous pwòch Palè Nasyonal fè kwè gouvèman Moise/Céant an anvizaje retounen sou desizyon sa a ki te pran sou gouvènman avan an Dr. Jack Guy Lafontant tap dirije a dapre jounal Le Nouvelliste.

Lòt nouvèl fè kwè nouvo Premye minis la, mèt Jean Henry Céant kòmanse fè yon seri konsiltasyon yon fason pou rive desann pri pwodui premye nensesite yo epi ankouraje kreyasyon travay nan peyi a.

XS
SM
MD
LG