Accessibility links

Breaking News

Gwo Sipriz! Wyclef, Lauryn Hill Reyini pou Festival Essence la


Foto Achiv: Wyclef Jean pandan pefomans li nan Essence Festival la an 2019.
Foto Achiv: Wyclef Jean pandan pefomans li nan Essence Festival la an 2019.

Atis Ayisyen Wyclef Jean emèveye fanatik ki te asiste Festival Essence la nan vil Nouvèl Orleyan Vandredi kote li siprann yo ak 4 chante ansyen gwoup li a Fugees.

Festival Essence la pat mete non Wyclef sou lis orinal atis ki te sipoze pèfome, men 30 minit apre misye te komanse chante, Lauryn Hill, yon manm orijinal gwoup Fugees la te parèt sou sèn nan pou chante "Killing Me Softly," "How Many Mics," "Fu-Gee-La," epi "Ready or Not."

Wyflef pibliye yon videyo sou Twitter ki montre moman kote Hill te rejwenn ni sou sèn nan. Mesaj li sete: "Men kijan sa sonenn lè yo veritab pi bon pami pi bon antre nan stad la!"

Anpil fanatik Ayisyen te reyaji ak kè kontan sou rezo sosyal yo apre yo te wè mesaj sa a.

Triyo Hip Hop Fugees la te gen yon twazyèm manm an palan de Pras Michel te prezante spektak ansanm nan Nouyok nan mwad Septanm ane pase a. Sete yon gwo sipriz paske gwoup la pat chante ansanm depi yo chak te pran wout pa yo an 2006.

Mesye-dam yo te gen pwojè prezante yon seri konsè pou fete 25èm anivèsè yo ane sa a, men sa pat fèt akoz pandemi COVID-19 la.

XS
SM
MD
LG