Gwo lapli inode wout epi fòse otorite yo evakye moun nan rejyon Nòdès Etazini. Meteyo predi ap gen gwo lapli ankò jodi Lendi a.
Gen yon moun ki mouri neye nan Vale Hudson nan Nouyòk nan moman li tap eseye kouri kite kay li.
Yon gwo move tan kap travèse rejyon Nouvèl Angletè a lantman te frape Nouyòk ak Konektikut ak gwo lapli.
Otorite yo lanse avètisman bay moun ki abite nan eta Connecticut, Nouyòk, Massachusetts, New Hampshire, Vermont ak Maine ke ta ka gen inodasyon lakay yo.
Otorite yo di move tan an deja koze plizyè dizèn milyon dola dega.
Move tan an anile tou plizyè santèn vòl nan ayeropò Nouyòk ak Boston.
Vermont limenm evakye moun ki tap fè camping ak moun ki te bloke nan kay kote gwo lapli te tonbe.