Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Gwatemaltèk la Pèdi Konfyans Travayè Laprès Yo


Nan Gwatemala, relasyon gouvènman an ak laprès, ki te deja bankal, ap sibi yon egzamen jounen jodi a pandan peyi a ap redi pou l batay kont pandemi kowonaviris la, dapre yon repòtaj Komite pou Pwoteksyon Jounalis (KPJ) ki baze nan NY) pibliye. Komite a di nan repotaj la: ‘

“Nan yon moman kote sitwayen gwatemaltèk yo bezwen enfòmasyon endepandan sou maladi a, kondisyon libète laprès pa fin korèk nèt o Gwatemala.”

Repòtaj la, ki parèt nan weekend nan, lonje dwèt sou plizyè lane nuizans, atak sou entènèt la, menas vyolans ak enpinite anfavè moun ki responsab atak yo. Tou sa, daprè Komite pou Pwoteksyon Jounalis, kreye yon klima kote travayè laprès yo pa fè gouvènman an konfyans pou yo travay an tout libète.

Jounalis gwatemaltèk ke Komite a entèvyouve fè konnen kondisyon travay yo deteryore depi sou rejim ansyen Prezidan Jimmy Morales ki te eseye lage vèni sou laprès epi li te bloke aktivite jounalis ki t ap fè repòtaj sou travay Komisyon Entènasyonal Kont Enpinite o Gwatemala (KEKEG) ke lONU apiye. Prezidan Morales te kraze komisyon an ki t ap fè yon travay endepandan nan mennen ankèt sou koripsyon nan peyi a. Se konsa gouvènman an te entèdi avoka ki te nan tèt komisyon an antre o Gwatemala an 2018 epi Prezidan Morales te refise renouvle manda komisyon an lè l te ekspire an septanm 2019.

XS
SM
MD
LG