Accessibility links

Breaking News

Guy Philippe Plede Non Koupab pou Akizasyon Trafik Dwòg ak Blanchiman Lajan nan yon Tribinal nan Miami


Lapolis Nasyonal ki poste deyò tou pre estasyon radyo kote yo te arete Guy Philippe nan Petyon-Vil, Ayiti, 5 janvye 2017.
Lapolis Nasyonal ki poste deyò tou pre estasyon radyo kote yo te arete Guy Philippe nan Petyon-Vil, Ayiti, 5 janvye 2017.

Nan yon tribunal federal nan Miami, vandredi 13 janvye 2017 la, ansyen chèf lame rebèl Ayisyen an Guy Philippe plede non koupab sou akizasyon trafik dwòg ak blanchiman lajan ke yo akize li.

Plizyè dizèn moun te reyini devan tribunal la pou pote solidarite yo bay akize a, Guy Philippe, ansyen chèf lame rebèl la ki te tounen yon senatè eli ann Ayiti.

Guy Philippe ki gen 48 tan lonje dwèt sou advèsè politik li yo ki dapre li ta gen dwèt yo trampe nan arestasyon li.

Sipòtè li yo di yo kwè, kòm yon senatè eli, Guy Philippe ta dwe genyen iminite, yon estati politk ki pwoteje palmantè yo pou lajistis pa pousuiv yo.

Guy Philippe, ansyen chèf lame rebèl la nan Kap-Ayisyen, Ayiti. Foto: 25 fevriye 2004.
Guy Philippe, ansyen chèf lame rebèl la nan Kap-Ayisyen, Ayiti. Foto: 25 fevriye 2004.

Guy Philippe ki se yon ansyen chèf polis, te dirije yon rebelyon arme an 2004 ki te fòse prezidan ayisyen nan epòk la Jean-Bertrand Aristide kite pouvwa a.

Jounalis Valerio Saint-Louis ki te sou plas nan Tribinal la bay Lavwadlamerik yon entèvyou sou dosye sa a.

Klike sou lyen odyo a pou tande entèvyou a nan tout entegralite l.

Entèvyou Valerio Saint-Louis bay Lavwadlamerik nan mikwo Jean Pierre Leroy sou dosye Guy Philippe la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:58 0:00

XS
SM
MD
LG