Accessibility links

Breaking News

Otorite Britaik yo Vle Fè Limyè sou Lanmò yon Ajan Doub Larisi

Komisè adjwen Mark Rowley (polis Metwopolitèn vil Lond) ak direktris jeneral Ministè Sante britanik la, Sally Davies, ki t ap bay yon konferans pou laprès sou Sergei Skripal ak pititfi li, Yulia, ki sanble mouri anpwazonnen ak yon pwodui chimik. (Foto: Banlye Salisbury, tou prè Biwo Scotland Yard, nan sant vil Lond, mèkredi 7 mas 2018, REUTERS/Henry Nicholls, No. RC1368BAC150 - ACHIV).

Minis Enteryè britanik la, Amber Rudd, reyini manm Komisyon Aksyon Dijans Leta a, ki rele Komisyon Kobra, pou yo kapab gen enfòmasyon tou nèf sou yon maladi misterye ki touye yon ansyen ajan doub Larisi. Lapolis kontre-teworis britanik pran tèt yon ankèt sou afè sa a.

Yon laboratwa militè britanik kap fè rechèch, ap travay pou konnen ki wòl pwodui chimik la te jwe nan asasina ansyen ajan sekrè a ki te rele Sergei Skripal. Dimanch pase a, yo te jwenn Misye Skripal ak yon pitit fi li, Yilia, san vi nan yon kay li te posede nan pati sid Langletè.

Foto sa a montre ajan sekrè ki tap arete Sergei Skripal, yon ansyen kolonèl nan lame ris la ki te travay kòm yon ajan doub pou gouvènman britanik la. (Foto: Plas enkoni; RTR/via REUTERS TV).
Foto sa a montre ajan sekrè ki tap arete Sergei Skripal, yon ansyen kolonèl nan lame ris la ki te travay kòm yon ajan doub pou gouvènman britanik la. (Foto: Plas enkoni; RTR/via REUTERS TV).

Sergei Skripal sete yon ansyen ajan sekrè Larisi e li te gen grad kolonèl nan lame ris la. Li te konfese li te bay sèvis sekrè britanik enfòmasyon sekrè sou aktivite espyon ris t ap mennen sou kontinan ewopeyen an; pou sa li te resevwa $100.000,00 (san mil dola).

XS
SM
MD
LG