Accessibility links

Breaking News

Lapolis nan Grand Bretay Dekouvri Kadav yon Lòt Viktim nan Atak Teworis sou Pon Lond la


Yon ofisye polis kap pale ak envestigatè devan yon batiman otorite yo te fin fouye kote yo tap chache prèv ak lòt konplis atak teworis la. Nan lès Lond 5 jen 2017.
Yon ofisye polis kap pale ak envestigatè devan yon batiman otorite yo te fin fouye kote yo tap chache prèv ak lòt konplis atak teworis la. Nan lès Lond 5 jen 2017.

Lapolis nan Grand Bretay konfime yon lòt viktim nan atak semèn pase a, sou pon Lond lan "London Bridge" nan kapital la. Otorite yo fè konnen yo te dekouvri kadav la nan flèv Thames la. Lapolis idantifye viktim nan kòm, Xavier Thomas, yon sitwayen fransè.

Nan madi 6 jen, Lapolis Metwopolitèn nan Lond te idantifye 3èm asayan ki te tonbe anba bal unite sekirte ki te rive sou plas pandan atak la. Non 3 asayan sa yo se: Youssef Zaghba ki te gen 22 lane desandan moun peyi Mawòk, sitwayen Grand Bretay Khuram Shazad Butt, ak Rachid Redouane ki te rete tou nan lès vil Lond.

Grand Bretay te obsève yon minit silans jounen madi 6 jen an pou onore moun ki te viktim nan atak teworis samdi a nan Lond. Pamdastan, otorite ap kontinye ak operasyon pou jwenn lòt konplis yo.

XS
SM
MD
LG