Accessibility links

Breaking News

Grand Bretay sou Wout pou l Detache li Nèt ak Blòk Inyon Ewòp la


Premye minis britanik la, Theresa May, (Foto: AP/Matt Dunham), 1e fevriye 2017.
Premye minis britanik la, Theresa May, (Foto: AP/Matt Dunham), 1e fevriye 2017.

Premye minis britanik la Theresa May gen pou l fè diskou devan palman an jounen 14 mas 2017 la, yon jou apre palmantè yo fin apwouve pou l koumanse detache Grand Bretay ak Inyon Ewòp la.

Madam May kontinye ap tann dènye etap la, ki se konsantman Rèn Elizabeth. Men sa ka fèt jodi 14 mas la menm. Apre sa li pwal lib pou anonse ofisyèlman Grand Bretay pa fè pati Inyon Ewòp la ankò e ke l ap aplike Atik 50 nan trete ki kontwole inyon an, ki di kouman yon manm ka rale soti ladan.

Yon pòtpawòl Madam May fè konnen li ka tann jiska finisman mwa Mas la pou l fè sa. Detachman an kapab pran anviwon 2 lane.

XS
SM
MD
LG