Stephen Sondheim, yon konpozitè mizik ki refè teyat mizikal Ameriken an nan dezyèm mwatye 20èm syèk la mouri. Li te gen 91 zan.
Sondheim te enfliyanse plizyè jenerasyon mizisyen ki konpoze mizik pou pyès teyat yo, sitou gras ak pyès teyat tankou "Company," "Follies" epi "Sweeny Todd."
Petèt chante li ki gen plis renome se "Send in the Clowns" (Voye Kloun yo) ke atis anrejistre dè santèn fwa. Pami yo, Frank Sinatra epi Judy Collins.
Sondheim gen 6 pyès teyat mizikal li ki ranpòte pri Tony (pou ekselans nan domèn teyat la) pou meyè konpozisyon mizikal e li te pran yon pri Pulitzer tou (pri prestije literè) pou "Sunday in the Park" (Dimanch nan yon pak). Li ranpòte yon pri Akademi (Oscar - pou ekselans nan domèn sinema a) pou chante "Sooner or Later" ke moun te ka tande nan film "Dick Tracy". Met sou sa li ranpòte 5 pri Olivier epi Meday d'Onè Prezidansyèl la.